Fòmasyon Fondasyon TRiboLAND gratis nan Karis: plis pase 43 patisipan pran dòz nan enstalasyon pano solè ak batri

953

02 – 10 – 2024

Karis, Ayiti____(TRiboLAND) Fondasyon Triboland nan komin Karis rive demare premye jounen fòmasyon gratis sou enstalasyon Pano Solèy ak Batri jodi samdi 10 fevriye 2024 la.

. Li te anviwon 10h 15 nan maten, Komite Triboland nan Komin Karis te rive louvri seyans fòmasyon an avèk 43 patisipan (fanm ak gason) nan Lokal Sal Pawasyal Karis la avèk Fomatè Bruno Prophète.

N’ap note : Fòmasyon sa ap dire 2 jou, kidonk samdi 10 ak dimanch 11 fevriye 2024. ‎

Comments are closed.