Nan okazyon fèt Agrikilti ak Travay, Komin Karis mete aksan sou ensekirite alimantè nan peyi a.

Karis, Ayiti_____(TRiboLAND) Jounen jedi premye me 2025, nan okazyon fèt travay la, IPAM ki se Inisyativ Patriòt Maryen, ki gen kòm Kòdonatè kominal Karis Mèt Rulfin Audate nan tèt kole ak CECAD ki se Cercle des Cadres pour le Développement Durable, ki gen nan tèt li agronòm Luccène BERNARD, rive realize yon konferans sou ensekirite alimantè nan peyi a.
Se te reyèlman yon moman favorab pou patisipan yo genyen privilèj pou tande avèk anpil enterè, 2 jèn agronom kòm konferansye : agro Claudin Charles epi agro Luccène BERNARD). Nan fen atelye sa CECAD rive distribiye 100 zouti agrikòl (hou, pikwa, machèt) bay yon santèn peyizan ki te sòti nan divès òganizasyon nan kominote a tankou : UPC, Chan Lekòl Peyizan, OGPK, AJPF, UJDL.
Plizyè jèn te reponn prezan pou ekspoze kèk pwodwi lokal epi pou fè pwomosyon pou inisyativ ekonomik yap realize nan kominote a, tankou agro Torvens ki gen inisyativ transfòmasyon pistach ak kakao. Plis pase 125 patisipan te reponn prezan nan aktivite sila, ki te realize nan Sal Pawasyal komin Karis la vè 10 è nan maten pou rive 2 è nan aprèmidi.
Nap raple gro aktivite sila yo, te jwenn sipò ekonomik SJM, CECAD, IPAM, ak KPSEK.
Mèt Donastien CETOUTE ki te moderatè prensipal la, fè konnen peyi a ap fini. Anpil moun ap leve pati. Men nou tout pa kapab ale. Sa ki rete dèyè yo, dwe mete tèt ansanm e retire mantalite ti klan ak ti sistèm nan lakay nou pou nou travay ansanm. Li rabat pou li di, se travay latè a ki pi gwo espwa nou genyen. Ann kore jaden yo plis ke sa.
Mèt Rilfin Audate ki se Kòdonatè kominal IPAM nan Karis fè konnen IPAM ap toujou la pou ankouraje mòd sòlòkòtò sa yo, paske selon li menm, yo kapab bay rezilta. Alòske mèt Wister Bernard nan non KPSEK, ankouraje moun yo pou yo frekante kès popilè a pou fè kredi ak fè epay. Kidonk, se sa kap pèmèt kès la fè benefis poul kontinye ankouraje inisyativ òganizasyon yo.
Agro Luccène BERNARD ki se Kòdonatè CECAD pa mete dlo nan bouch li pou remesye SJM pou gwo sipò li bay ak tout lòt moun enstitisyon yo ki kontribiye pou pèmèt aktivite a realize. Tankou Radyo Louca, IPAM, KPSEK e latriye…
Pou fini, Bastien Michel envite moun yo pou yo aji ak plis konsyans pou pa lage bèt nan jaden moun yo. Sosyològ Maguenax envite moun yo pou yo rete solidè; genyen anpil bagay nou ka fè, si nou mete tèt ansanm. Li swete lòt ane nou rive fè yon pi bèl sòlòkòtò bèl longè ki kapab arive touche plis moun.






