Komite KPR la lanse ofisyèlman pwojè ki vize konstwi yon kanal sou Twarivyè pou awoze Ba-Nòdwès.

1,009

02 – 10 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Se jounen samdi 10 fevriye 2024 la nan Lise Tertullien Guilbaud, komite Kanal Pirèd nan Nòdwès peyi Dayiti deside lanse pwojè ki vize konstwi, yon kanal sou Twarivyè k ap gen pou awoze zòn Ba-Nòdwès la.

Komite a ki tap prezante fezabilite pwojè sila, mansyone kantite kòb yo ta sipoze genyen ak kantite teknisyen, mande ak tout pitit Nòdwès ki nan peyi Dayiti tankou sila yo ki nan dyaspora a rejwenn yo paske depi gen volonte yo ka leve defi a.

Pou anpil moun ki tap obsève lansman ofisyèl la, pwojè pou voye Twarivyè nan zòn Ba-Nòdwès ta dwe yon pwojè Leta parapò ak kantite egzijans sa mande an tèm teknik ak mwayen ekonomik.

Yon lòt bò komite Kanal Pirèd la nan Nòdwès fè konnen, si Wanament lanse alèt devlopman ak rapatriman souverènte peyi a ak konstriksyon Kanal rivyè Masak la, yo menm nan Nòdwès yo prè pou demare ak pwojè a, nan lide pou bay jarèt ak sektè agrikòl la ki prèske fin disparèt nan depatman an, kote peyizan yo pa jwenn dlo pou fè jaden.



Comments are closed.