Fondasyon TRiboLAND fè koze nan Answouj : plis pase 200 patisipan benefisye fòmasyon fabrikasyon pwodwi chimik gratis.

02/17/2026
Answouj, Ayiti_____(TRiboLAND) Fondasyon TRiboLAND fè koze nan Answouj, jodi madi 17 fevriye 2026 la, selon sa done yo bay sou rezo yo. Aprè kichòy li te delivre bay jènn yo yè lendi a nan lokalite Kabarè, Ba Nòwès, Fondasyon TRiboLAND fè, yon lòt fwa ankò fè koze nan Answouj atravè yon gwo sòlòkòtò fòmasyon gratis sou fabrikasyon pwodwi chimik.
Nan Lekòl Frédéric Marcelin, nan Answouj, yon laj group sitwayen jènn kou granmoun, fanm kou gason te ranpli espas modèn, ki prèske pat genyen kote pou pike epeng. Moun sila yo ki te aswafe konesans, te enpoze prezans yo byen bonè nan maten. Ouvèti a te grandyòz, alòske kaye ak nòt sou sa ki genyen pou wè avèk preskri ou resèt ak engredyen yo, te reprezante pivo ou bote fòmasyon an.
Plis pase 200 patisipan, te genyen opòtinite pou resevwa enstriksyon ak teknik sou fabrikasyon diven, mousè, savon likid, jèl kapilè, pafen, pomad ak spray pou cheve. Jènn kou granmoun pat kache antouzyasm yo ak satisfaksyon yo fas ak yon parèy inisyativ ki deja genyen enpak konsiderab sou yon latriye milye pitit Dayiti kap fè fas kare ak chomaj, delinkans jivenil, aktivite gang, pwostitisyon ak menas fas ak politisyen kòwonpi ou eksplwàtè kap woule yo nan farinn.
Antouka, sa ki pase nan Answouj jodi madi 17 fevriye 2026, montre san rezèv veleyite yon jenès ki aswafe pou aprann e ki swete dote tèt yo, yon ti bemòl ekonomik nan mitan rivyè agoni ak tribilasyon kap sakaje peyi a. Anpil aplodisman pou popilasyon an nan Answouj la ki te soti an mas, pou bay jarèt ak yon parèy inisyativ ki konnen yon reyisit enpekab malgre moman kanaval la. Kòman pou nou pa ta remèsye plizyè notab nan kanton an, pase pran yon latriye teknisyen kominotè, patikilyèman akèy staff “Answouj Bay Bèl Moun”, ki te enfatigab nan gad mobilize jènn nan divès rejyon fas ak yon jounen aprantisaj ki dimil fwa vo plis ke danse rara.
Antouka, rada Fondasyon TRiboLAND deja pwente kap li nan direksyon Bèdeyènn, nan kad pote fòmasyon gratis bay yon seri rejyon nan Ba Nòwès peyi Dayiti.






