AJSNO lanse yon seyans fòmasyon nan lide pou ede jèn yo fè fas kare ak fenomèn delenkans lan.

Se sou tèm “Kòman jenès la dwe fè fas kare ak fenomèn banditism, jèn fanm kap gwòs avan lè ak jèn kap mache ak kò yo tou kale”, AJSNO lanse fwa sa a, yon seyans fòmasyon gratis ti cheri, nan dat kap 26 fevriye 2023 a, nan vil Pòdpè.
02-07-23
Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Asosyasyon Jèn Solidè Nòdwès (AJSNO), lanse pou dat kap 26 fevriye 2023 a, nan lokal Ebetap Lakoup, gwo seminè sou tèm “Kòman jenès la dwe fè pou’l evite fenomèn kriminalite a, pran prekosyon pou pa ansent pandan peryòd laj minorite yo, ak evite mache toutouni”; yon fòmasyon ke AJSNO ofri ki pap koute senkòb chada.

Konferansye yo ki pral depoze yo se: Pastè epi ekriven Chelet Norelien, Madam Mideley E.Charleus, Enfimyè kòdonatris SNGRS branch Nòdwès ak Jostem Joseph, Sosyolog, pwofesè nan nivo inivèsite.
Pandan gwo preparasyon ap fèt pou akeyi jèn yo nan gwo kokennchenn seminè gratis sila, estaf Asosyasyon Jèn Solidè Nòdwès la, ap swete tout antite yo byen vini.
N.B: Master Kéno, ap genyen pou jwe wòl moderatè yon parèy aktivite.






