Ak sipò Fondasyon TRiboLAND “Fèt Manman” an selebre an gran panpan nan lokalite Lavo, Komin Pòdpè.

1,447

Plis pase 150 Manman onore e selebre fèt yo ayè dimanch 28 me 2023 a, gras ak jefò Fondasyon TRiboLAND.

05-29-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Plis pase 150 manman ki sòti nan divès lokalite tankou : Lakwa Sen Jozèf, Nan Sitwon, Dolsine, Anba Lapwent, Ladousè, zòn Anba Rivyè e poun site sa yo sèlman, reprann souri sou lèv yo, nan okazyon fèt Manman an, gras ak sipò Fondasyon TRiboLAND.

Pou resevwa Manman yo, Fondasyon an te reyalize yon jounen lwazi kote, yo te kòmanse ak yon gwo kokenn chenn aktivite kiltirèl san parèy. Divès ti moun kite prepare pou aktivite a, ta pral chante, danse, defile, lage poyezi atè e òganize diferan jwèt, pou fè non sèlman kè “Manman Cheri” kontan, men pou ekspwime gratitid yo anvè yon yon pilye, yon boul lò ki se sous lavi an jeneral.


Nan dezyèm tranch aktivite yo, ekip Fondasyon an kite deja prepare kichòy pou manman yo, ta pral distribye plis pase 150 pla cho bay manman sa yo kite sòti nan divès zòn nou sot site la yo.

Klotire seremoni pou te onore manman yo, Fondasyon TRiboLAND blayi lajwa san parèy nan kè Manman yo, lèl desedi distribye plis pase 150 kado bay chak manman kite pran pa nan gro sòlòkòtò sila ki mete souri sou vizaj manman tout kalite.

Comments are closed.