Otorite Lachinn yo di yo gen gwo kè kase sou evolusyon rapid viris korona a apwè denye etid yo

0 541

Kantite moun ki enfekte jodi dimanch lan nan 24 è gentan pwèske rive sou 2,000. Nouvo enfòmasyon sou patojènn nan fè eta de fason ke li ap etann li nan yon moman san ke moun pap rann kont ke yo genyen li.

Image result for coronavirus

Antouka, chif la pase a 56 moun ki deja fè vwèl pou peyi san chapo. Viris la ki deja achte zònn Santral Lachinn, Wuhan lajan kontan, gentan ap bay laperèz ak bouch pa gou nan divès peyi tankou Lafwans, Etazini ak Ostrali. Jodi Dimanch 26 Janvye 2020 an, peyi Kanada gentan ap fè fas ak yon pwemye pwezime moun ki enfekte ak yon lòt moun sispèk ki deja nan izolasyon nan peyi Kodivwa, ki ta sanble se pwemye ka viris korona a nan kontinan Afwik la. Majorite moun ki afekte yo nan peyi Lachinn, sepandan yo rapòte kèk ka nan Kore Disid, Japon, Tywann, Tyland, Makwo, Wong Kong, Sengapou ak Vyetnam.

Responsab sante yo nan lemonn deklare ke abilite pou viris la gaye kòl vinn pi fò e li poze yon defi majè sitou nan fason lap elaji zèl li an silans, dapwè dènye analiz yo. Yon gwoup ekspè kap fouye zo nan kalalou nan Kolèj Emperyal Londonn, Angletè konfime ke viris la ta sanble genyen yon repwodiksyon numeral (souvan kalkile kòm R0) ki 2.6 e ki vle di an mwayènn, yon enfeksyon kapab okazyone 2.6 lòt enfeksyon.

Leave A Reply