Plizyè òganizasyon, lidè politik, pati politik ak divès sitwayen denonse akizasyon jounalis Theriel Thelus voye sou do lidè Fòs Nou an.

937

02 – 10 – 2024

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Plizyè òganizasyon ak asosyasyon, pati politik, lidè politik ak plizyè manm nan sosyete sivil la nan depatman Nòdwès la, leve vwa yo byen wo pou denonse tout akizasyon jounalis Theriel Thelus mete sou do lidè Fòs Nòdwès Ini an, Paul Élie Faustin, kòm kwa li se yon chèf gang.

Pou òganizasyon sa yo, Paul Élie Faustin se yon antreprenè, yon lidè politik kap goumen depi yon bon bout tan, pou chanje sityasyon sosyal, ekonimik ak politik la nan depatman Nòdwès peyi a.

Pou lidè òganizasyon Fòs Nou an ak alye li yo, seri atak krizokal fabwike sa yo genyen orijinn yo laboratwa trè koni, yon ti gwoup moun nan Mèri Pòdpè a, ki vize detwi pèsonalite li aprè pèp Nòdwès la te fin deside elimine pòs piyaj ajan egzekitif enterimè vwayou komin Pòdpè a, Josué Alusma.

Nan sans sa a, lidè òganizasyon yo fè konnen, yo pap bay vag ak seri akizasyon sa yo e deside al depoze yon plent fòmèl kont laboratwa sila.



Comments are closed.