GKPB ap prepare li pou al fete vakans dete 2024 la nan Tigwav

137
2
Share:
TRiboLAND


08 – 13 – 2024

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Gwoup Kiltirèl Peyizan Boudo (GKPB) Wo 12èm seksyon kominal Tigwav, ap prepare pou al fete vakans dete nan dat dimanch 25 dawout 2024 kap vini la a.

Aktivite sa a, ap dewoule nan sant edikatif Nelson Mandela vè 1: 00 pm nan lokalite Boudo, nan Tigwav. Devinèt, pwezi, show teyat, show dans, eskpozisyon fwi tout kalite, distribisyon materyèl eskolè bay timoun ki nan zòn nan pou rantre lekòl la, se kèk aktivite ki anonse nan kad selebrasyon fèt vakans dete sila a.


Nan sans sa a, responsab GKPB yo mande sipò finansye chak grenn sitwayèn ak sitwayen nan nivo lokal, nasyonal tankou entènasyonal, yon fason pou fasilite aktivite a reyisi grandiozman.

Share:

2 comments

Leave a reply