Bandi sangwen kidnape 6 Chèsè katolik nan Kongregasyon Sentann

947

01 – 19 – 2024

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Enstitisyon katolik romènn yo pa sispann pwan kou anba men bandi sangwen anndan peyi Dayiti. Endividi sangwen ki ame jous nan dan, kidnape jodi vandredi 19 janvye 2024 la, 6 Chèsè Kongregasyon Sentann, dapwè Kire pawas Nòtredam Imakile Konsepsyon, reveran pè Frantzy Petit-Homme.

Konsa, responsab katolik yo, atravè biwo Konferans ayisyèn relijyez yo, mande tout kretyen alawonnbadè pou mete yon chènn priyè siplikasyon devan Bondyé yon fason pou lanj pwotektè kapab voye yon espwi djanm lakay Chèsè sa yo ki twouve yo nan gwo enpas sila.

Nap raple, relijyez arive kidnape, manu militari, nan Kafou Fèy, yon zònn kote anpil bandi san sal deja pouse do yon katafal rezidan. Chèsè Sentann yo genyen plis pase 77 lane depi ke yo ap feraye nan peyi Dayiti.

Comments are closed.