Fanmiy Pierre Antoine René nan Jeremi san souf, paske yo pa gen nouvèl li

806

04 – 11 – 2024

Jeremi, Ayiti _____(TRiboLAND) Bandi sawgwen yo pa chome nan zafè kidnapping vèt ak mi. Nèg ak zam kap opere nan Maryani kidnape Pierre Antoine René depi plizyè jou, alòske yo pa fè oken kontak ak fanmiy li.

Pierre Antoine René se moun Jeremi ki tap viv Pòtoprens, asasen yo te kidnape-l pandan li tap sove po-l abò yon batiman ki tap pase pa Okap.

Fanmiy Pierre Antoine René ki toujou ap tann bandi yo fè yo siy, pa jwenn sa ditou ditou. Yon sitiyasyon ki rann yo gen anpil enkyetid. Fanmiy viktim nan lanse yon kri pou mande teworis yo si tout fwa Pierre Antoine René vivan pou yo kontakte yo, yon fason pou yo konn sa pou yo fè.

Bandi sawgwen sa yo kenbe popilasyon an sou non kowalisyon “Viv Ansanm”, pa sispann apovri ak simen dèy nan mitan popilasyon ayisyèn lan. Nap raple, zam bandi sangwen yo itilize pou touye, kraze, ransone ak kidnape, soti anndan peyi Etazini, ki fè tèt li pase kòm zanmi peyi Dayiti!

Comments are closed.