Gwo aksidan sikilasyon nan Senlwi Dinò: Yon fanm mouri sou plas, chofè moto a rann dènye souf li lopital

457
0
Share:
TRiboLAND

10/31/2026

SenLwi Dinò, Ayiti ______(TRiboLAND) Yon grav aksidan sikilasyon fèt nan komin Senlwi Dinò, maten samdi 31 oktòb 2026 la, kote yon otobis ki pote non « La Providence » fè kolizyon ak yon motosiklèt. Aksidan an rive nan kafou ki bay antre nan Site Man Komi, nan zòn ki twouve l pi wo pase simityè a. Ensidan sa a lakòz de moun pèdi lavi yo, daprè enfòmasyon ki disponib yo.

Daprè temwen ki te sou plas yo, chofè motosiklèt la, yo idantifye sou non Ti Asèn, ki se moun Vilaso, t ap transpòte yon fanm kòm pasaje. Aprè kolizyon an, chofè moto a te blese grav epi yo te transpòte l lopital pou resevwa swen nesesè. Malerezman, li ta rann dènye souf li nan lopital la, pandan fanm ki te dèyè l la mouri sou plas.

Fanm ki viktim nan ta idantifye kòm Carline, madanm yon mesye yo rele Nènè. Lanmò de moun sa yo plonje fanmi yo ak pwòch yo nan lapenn. Pandanstan, sikonstans egzak ki lakòz aksidan an poko fin etabli. Ensidan sa a raple nesesite pou tout itilizatè wout yo pran plis prekosyon pou evite lòt dram sou wout yo.

Share:

Leave a reply