Pwestasyon sèman Paulemont Michel, nouvo delege depatmantal Grandans lan,

870

01 – 19 – 2024

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Swit ak yon arete ministeryèl, ak yon kominike CSPJ an konplisite ak ministè lajistis, pwete sèman jounen vandredi 19 janvye 2024 lan, kòm delege depatmantal Grandans lan.

Aprè prestasyon sèman plis enstalasyon nouvèl ekip lan ki genyen Carl Antoine kòm Sekretè Jeneral Delegasyon an, plizyè santènn manifestan ki se patizan nouvo delege a, Paulemont Michel, te pwan direksyon meri Jeremi a.

Anpwezans lapolis, jij depè, nouvo delege depatmantal lan, Paulemont Michel, plase 3 nouvo ajan ekzekitif enterimè yo, nan pos yo, malgre patizan majistra revoke a te mete dife anba galeri lokal meri Jeremi an, pou te fose pouvwa a, rantre arete ki nome nouvo moun sa yo pou dirije vil Jeremi.

Nan kad dosye sila, se Dwayen AI, Gary Lundy, ak komisè gouvenman Ai pakè a, André Mary pyram, grefye Boyer, ki te pwan syèj nan yon seans ekstraòdinè pou te rann posib pwestasyon sèman an, malgré iltimatòm ki te bay avan.



Comments are closed.