Ansyen depite 49e lejislati Basen-Ble/Chansòl la viktim anba men regwoupman gang “Viv Ansanm” yo.

955

04 – 22 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Ansyen depite 49e lejislati Basen-Ble / Chansòl la, Tatoute Pierre Martin, viktim ensekirite anba grif regwoupman gang Viv Ansanm yo.

Dapwè enfòmasyon jounalis Jean Rodelet Jean Baptiste pataje, bandi Viv Ansanm yo rantre lakay ansyen depite a, yo piye, kraze tout sa yo jwenn, san konte madanm li bandi yo te kidnape.

Nan moman nap pale la, jounalis vedèt radyo Télé Éclair a, deja rekipere Madanm li lakay gwoup gang ki pote non ” Kraze Baryè” a ki genyen nan tèt li Vitel’homme Innocent.

Comments are closed.