Nan yon tantativ kidnapping, Vivienne Lissade Jeannot arive mouri anba bal bandi sangwen

927

12 – 06 – 2023

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Sòti pa antre! Sou baz sila anpil sitwàyèn ak sitwàyen mouri ou viktim anba men bandi sangwen kap miltipliye bwàs ensekirite a pi mal ke jan liye a. Konsa, youn nouvo viktim yo, se Vivienne Lissade Jeannot, ki jwenn lanmò li nan moman bandi salte tap tante kidnape li.

Selon enfo yo, sangwen yo arive kidnape Vivienne e fòse li pran wout kwochi ak machinn li. Vivienne ta pral mouri nan moman fòs lòd yo ta pral dejwe zak la. Malerezman, sòti pa antre! Madam Lissade Jeannot pran yon bal anba kout zam lapolis yo ki tap tante libere li, nan kapital la.

Plizyè nan malfwa yo arive chape poul yo, alòske yon bandi sansal rive blese mòtèlman.

Comments are closed.