Kidnapè yo mande yon milyon dola pou liberasyon Avoka Ronald Dérinvil

251

12/22/20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Aprè ke li tef inn pase move moman e kidnape anba men bandi sangwen ame yè lendi 21 desanm 2020 an nan Kafou, Fanmiy mèt Ronald Dérinvil pa konnen ki sen pou yo rele akoz gro magogo lajan ke ravisè yo mande yo ki estime a 1 milyon dola ameriken kòm ranson.

Devan kalamite sa, fanmiy Mèt bouke vann kochon, china, e menm fè kèt kominotè e malgre sa yo pa kapab reyini yon 1% nan kòb la.

Nan sans sa, fas ak inefikasite gouvènman G9 la ki se mèt ensekirite a, Mèt Frantz Jules ki soti nan Bloc des Avocats Engagés voye yon pinga e anonse yon mach protestasyon pasifik pou jodi madi 22 desanm 2020 an pou mande prese prese liberasyon Mèt Dérinvil san kondisyon.

Comments are closed.