Direktè agrikilti depatman Nòdwès la, Agwonòm Charité Louis, pote presizyon sou estasyon ponpaj ki sèvi ak ènèji ke solèy la bay Nan depatman an.

2,121

12/08/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Nan kad yon entèvyou ke’l te te bay Radyo Marconi, Direktè depatmantal Agrikilti Nòdwès la, agwonòn Charité Louis, pale sou nòt ke federasyon plantè yo te fè sòti weekend ki sot pase a, nan nòt sila a federasyon plantè yo, ta fè konnen ke yo pèdi tout plantasyon sezon otòn yo, e yo sou wout pou mennen yo tèt dwàt nan pèdisyon plantasyon sezon ivè yo tou, akoz dlo, plantè yo mande pou ministè agwililti ak ministè anviwonman kole tèt yo ansanm, yon fason pou arive enstale 4 ponp, estasyon solè ki disponib depi yon bon bout tan pou komin basen ble an.

Agwonòm Charité Louis rapouswiv nan entèvansyon li a, fè konnen ke pwosesis enstalasyon ponp pou ponpe dlo pou wouze jaden peyizan yo te kòmanse depi sou ansyen Pwezidan Jovenel Moïse, ta pral demare Polen Lakòn, Obè, Andwo ak Ti Fon. Te genyen 4 lòt estasyon ponpaj ki tap genyen pou sèvi ak enèji solèy ke fim ki responsab pwojè a te dwe enstale ki pa janm fèt. Direktè a raple tout moun ke direksyon an pa gen anyen pou l wè ak pwosesis enstalasyon ponp yo.

Responsab Nimewo Direksyon agwikilti Nòdwès la kontinye pou’l di ke nan nivo direksyon an yo pat okouran de pwoblèm ki genyen nan pwosesis la, men li pwomèt federasyon peyizan an ke yo pral antreprann tout demach bò kote Ministè agwikilti pou wè si materyèl sa yo ta ka vini pi vit ke posib pou sove plantasyon ivè a.



Comments are closed.