Gwo Seremoni trase vèvè ak manifestasyon kont Konsèy Prezidansyèl la lanse nan Kafou Delmas 40B

419
0
Share:
TRiboLAND

Dèlma, Ayiti ____(TRiboLAND) Gwo seremoni mistik djanm fèt jodi madi 29 jiyè 2025 lan nan kafou Delmas 40B pou lanse mobilizasyon popilè kont pouvwa anplas la, presizeman kont Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon kòripsyon an. Seremoni a make kòmansman yon mouvman yo rele “manch long”, ki gen pou objektif mete presyon sou gouvènman an pou li bay peyi a sekirite epi òganize eleksyon, jan li te pwomèt depi plis pase yon lane.

Seremoni an fèt nan yon anbyans chaje ak sinbolis mistik kote plizyè manifestan foule makadanm lan ak yon sèkèy. Daprè sa temwen yo rapòte, sèkèy la reprezante “lanmò politik” Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, ke yo akize kòm antite voryen ki pi anvlime lavi kotidyèn sosyete ayisyèn nan.

Manifestasyon ki te pran direksyon Anbasad Etazini ki chita nan Taba, kòm yon fason pou voye mesaj bay kominote entènasyonal la, ki daprè yo, soutni yon estrikti pouvwa ki pa bay oken rezilta konkrè nan dosye sekirite ni nan pwosesis elektoral la.

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, ki te mete sou pye pou jere kriz peyi a aprè demisyon Premye Minis Ariel Henry, jwenn anpil kritik pou echèk li nan retabli sekirite ak mete peyi a sou chimen eleksyon. Plizyè sektè ap mande demisyon manm konsèy la, oswa mete sou pye yon lòt estrikti ki kapab pote solisyon reyèl.

Manifestasyon jodi a se youn nan mouvman ki montre mekontantman kap grandi chak jou ki jou nan mitan popilasyon an, pandan peyi a kontinye ap benyen nan ensekirite ak enstabilite politik anba direktiv moun tèt pa dwàt ak mèt dam.

Share:

Leave a reply