52 lane egzistans Kolèj Sen Fwanswa Desal nan Pòdpè fasilite direktè polis depatmantal la pwomote plis zanmitay kominotè ak sitwayènte

867

01 – 19 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad ranfòs rapò zanmitay ant lapolis ak popilasyon an, Direksyon depatmantal polis nasyonal la, branch Nòdwès patisipe nan yon gwo sòlòkòtò ki gen pou wè avèk selebwasyon 52 lane egzistans Kolèj Sen Franswa Desal, nan vil Pòtpè jodi vandredi 19 janvye 2024 la.

Nan okazyon an, direktè depatmantal polis la, Clevens Cétoute ak tout adjwen li CP Rochenel Jean Mary te fasilite pwezans yo ki te antre nan kad simante bon rapò ak devlope plis sansibilite sou devwa sivik ak sitwayènte pou yon demen miyò.

Comments are closed.