Direktè depatmantal ministè afè sosyal Grandans lan, Renord Jozil nan yon anbyans fwatènite ak sak pi fèb yo.

297
0
Share:
TRiboLAND

01- 03 – 2024

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Direktè depatmantal ministè afè sosyal Grandans lan, Renord Jozil, nan non ministè a pwofite premye janvye 2024 lan, pou bwè soup joumou ak moun nan katye defavorize yo ak sila yo ki pa genyen lajan pou fè soup nan fanmi yo.

Jounen maten lendi pwemye janvye 2024 lan Direktè Renord Jozil te reyini sou plas Alexandre Dumas nan vil jeremi, pou te fè jès solidarite sa a, ke anpil moun apresye.

Se te okazyon egalman pou Direktè Renord Jozil te pale sou pwojè ministè a, ki genyen 24,500 fanmi ak yon ektansyon 11,000 lòt apati mwa janvye 2024 lan, kap kontinye benefisye lajan kach ak lòt avantaj sosyal. Pwojè sila ap dire 6 lane, e se moun ki pi vilnerab yo, atravè 14 komin Grandans lan kap pwensipal benefisyè, finansman Bank Mondyal, ak trezo piblik yon fason pou rann moun afè pa bon yo rezilyan.



Share:

Leave a reply