Stokaj gaz okazyone; dife bwile 2 kay nan Okay

2,558

Okay_____(TRiboLAND) Jodi lendi swà 27 desanm 2021 an, vil Okay nan Sid peyi Dayiti pran anpil pataswèl ak panik anba dife, patikilyèman nan zòn “Boulva 4 Chemen”, dapwè enfòmasyon kap sikile sou rezo sosyàl yo.

Ensandi sila ki te parèt enkontwolàb malgre pwezans sèvis ponpye, te okazyone apati stokaj gaz pou fè “mache nwà” ke yo dekouvwi ki te nan 2 kay, ki apwè bwile ra pye tè e koze yon latriye dega materyèl.

Comments are closed.