Gwo Bravo pou Madam Emeline Raphaël, pi gwo loreya nan Lekòl Dwa Grandans lan

Grandans, Ayiti _____(TRiboLAND) Apremidi lendi 30 jen 2025 lan make yon bèl paj nan istwa inivèsite UGA (Université de la Grand’Anse), kote 2 pwomosyon Fakilte Dwa a te resevwa diplòm yo ak anpil fyète. Nan mitan gradye yo, se Mme Emeline Raphaël ki pote lamayèt, kòm pi gwo loreya tout pwomosyon yo. Malgre laj li, li te pran desizyon ak anpil detèminasyon pou al etidye Syans Jiridik, sa gen anviwon 4 lane, e jodi a, li ranpòte laviktwa ak pi gwo mwayèn akademik nan tout klas la.
Mme Raphaël se yon egzanp remakab sou fòs volonte, disiplin, ak lanmou pou aprantisaj. Pandan 4 ane etid li yo, li te demontre serye, konsistans ak ekselans. Rezilta sa a se pa ti fierté pou fanmiy, zanmi, ak pou tout kominote akademik Grandanse lan. Se yon modèl ki montre ke laj pa janm yon baryè pou edikasyon lè ou gen vizyon ak kouraj.
Daprè “Découvrir la Grand’Anse”, Madam Emeline Raphaël se yon fanm ki gen respè tout moun nan kominote a: yon moun saj, serye, ki gen anpil konpasyon. Se ak anpil admirasyon divès moun nan popilasyon an salye etap sa li franchi a; yon prototip sosyete ayisyèn nan bezwen nan moman sa yo!






