Jilianie Pierre, yon granmoun fann nan komin Pestèl ki pwan nesans sou prezidan Nord Alexis.

01- 02 – 2024
Pestèl, Ayiti____(TRiboLAND ) Selon rechèch sal redaksyon dokimantè TRiboLAND, sou Jilianie Pierre, yon granmoun fanm komin Pestèl ki fèt, nan ane 1905 sou prezidan Nord Alexis alyas Tonton Nò.
Vèv fanm sila, kap viv nan 5èm seksyon kominal Pestèl, lokalite Fondewon, genyen 119 lane; li toujou ap gazouye e fe ti mouvman ak kò l. Tout dan nan bouch ikonsève, menm bwat pawòl li yo pa finn twò klè.
Jilianie Pierre, kap viv nan zonn Fondewon ki nan 5èm seksyon Pestèl Dichity ak yon sèl pitit ke l te fè. Konsa, li reklame asistans tout sa yo ki kwè nan pwezève santenè yo. Silvouplè, pou tout sa yo ki enterese nan bay jarèt, kontakte Charlot Joseph nan nimero 37240347.






