Fas ak mezi administrasyon Donald Trump lan pran pou voye tounen ayisyen ki pa legal yo nan peyi Etazini an, kòdonatè (MPGA) la, Amos Antoine bay pozisyon li.

437
0
Share:
TRiboLAND

01 – 25 – 2025

Grandans, Ayiti_____(TRiboLAND) Kòdonatè depatmantal mouvman peyizan yo nan Grandans (MPGA), Amos Antoine mande pèp ayisyen an pou pran kouraj yo ak 2 men e mete tèt ansanm pou rezoud pwoblèm ensekirite jeneralize a, e travay latè yon fason pou tout pitit peyi a jwenn manje pou yo manje.

Amos Antoine ale pi lwen pou mande ekip kap dirije peyi a, pou pran konsyans sou move kondisyon  ayisyen afè pa bon yo ap viv atravè mond lan. Konsa, bay majorite ayisyen yo yon chans pou repanse yon demen miyò.

Antretan, kòdonatè mouvman peyizan yo nan Grandans, Amos Antoine ankouraje konpatriyòt Ayisyen yo, pou kenbe moral yo ro, fè yon chenn solidarite pou batay kont dekolonizasyon mental ki kontinye ap danse nan tèt ayisyen ki rayi pròp zantray yo an favè blan je vèt.

Share:

Leave a reply