Grandans: Fidèl legliz katolik yo nan Mafran fete fèt patwonal yo, Sen Terèz

883

10 – 01 – 2023

Mafran, Ayiti____(TRiboLAND) Dimanch premye oktòb 2023 a, nan yon anbyans seremonyàl, legliz katolik pawas Mafran fete sen patwòn yo, Sen Terèz.

Malgre yon seri pwoblèm sosyo-ekonomik feròs, kretyen katolik tout plimay, meloman ki toujou pwezan chak lane, te sòti atravè diferan komin depatman Grandans lan, pou kore anbyans tradisyonèl ki toujou make popilasyon Mafran an nan okazyon fèt patwonal Sen Terèz.

Kire pawas la, Emmanuel Baptiste nan romeli sikonstans lan, ankouraje pèp ayisyen an, mete tèt ansanm chak jou Bon Dye fè jou, pou konstri yon Ayiti kote tout pitit peyi a kapab viv tankou moun.

Comments are closed.