VIPLAPOULA: yon òganizasyon kominotè ki fe lansman ofisyèl li, pwemye seksyon kominal.

882

01 – 03 -2024

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Vizyon Pitit Lakay Pou Lakay ( VIPLAPOULA ), se yon òganizasyon kominotè ki vize bay devlopman jarèt, fè lansman ofisyèl li jounen premye janvye 2024 lan, nan zonn numewo 2, 9èm seksyon kominal Jeremi.

Se te egalman okazyon, pou Kòdonatè a, Nickson Toto anonse yon fason rapid, ansanm pwojè devlopman, kap genyen pou kreye anplwa ak djòb pou diferan kouch nan sosyete a.

An tèm solidarite, manm Kòdinasyon VIPLAPOULA yo, te pataje sa yo genyen ak manm kominote a, men tou yo onore anviwon yon ventènn manm nan sosyete a; yon jès ki pouse rezidans yo bat anpil bwavo!

Comments are closed.