Soulèvman nan kèk pawas legliz katolik nan depatman Grandans lan.

171
0
Share:
TRiboLAND

10 – 17 – 2026
Rozo, Ayiti_____(TRiboLAND) Aprè fidèl legliz katolik yo nan pawas Sentantwann, premye seksyon kominal Jeremi, Vye Bou te finn chase pè Joël Calas sou akizasyon li pa kolabore ak manm nan kominote a, anplise leve jwen yon dimanch maten pòt legliz la ak tout baryè nan rantre prensipal pwesbitè a kadnase; siy pwotestasyon sa yo te oblije chèf legliz katolik la, Joseph Gontrand Decoste transfere pè Calas nan sant dakèy legliz la nan vil Jeremi.

Fòm revandikasyon pasifik sa yo bò kote fidèl legliz katolik yo pa sèlman fèt nan pawas Sentantwann nan komin Rozo, dezyèm seksyon kominal Fon Kochon-Lapino yo te manniganse egalman nan mitan fidèl yo, kote manm yo te pwofite rezoud pwòblem pa yo avèk kire pawas la, Germain Baratho ke yo akize pou malvèsasyon kont kretyen yo nan lokalite a. Konsa, fidèl yo te deside kondwi pè Germain dwat dirèk nan eveche e renmèt li bay evèk dyosèz la Joseph Gontrand Decoste.

Selon obsèvatè yo kap swiv evolisyon sityasyon yo pandan jou sa yo kap trakase bil legliz lan nan diferan pawas; yo mande enstans konsène ki nan pi wo nivo pou aji vit e prese konsènan kriz moral sila kap travèse legliz katolik la; yon sitiyasyon ki deja genyen gro konsekans sou wòl ak leadership manm klèje yo dwe jwe nan sosyete ansyènn nan patikilyèman nan depatman Grandans.

Share:

Leave a reply