Group gang Vitelhomme simen anpil laterè nan Frè 44 yèswa e kidnape 8 moun

1,000

03-04-2023

Petyonvil, Ayiti_____(TRiboLAND) Se gro kri ak dezespwa sou vag laterè gang ki alye gouvènman Ariel Henry ap simen nan dènye 48èd tan sa yo atravè kapital la.

Se te latèrè nan zòn Frè 44 yèswa vè onzè nan Petyonvil, rezidan ki tap dòmi nan rejyon sa, te reveye anba gro panik detonasyon kout zam sangwen ki te anvayi gro miray lakay yon rezidan.

Group gang “Kraze Baryè”  Vitelhomme Innocent an, travèse baryè, simen anpil terè e frape yon bon valè moun nan rejyon an. Yo te estasyone nan zòn “Marché One Stop” nan Frè; konsa, yo te fòse 3 fanm ak 5 gason inosan viktim moute nan machin yo san krate tèt.

Konsa, bandi yo te mennen yon parèy zak san tèt chaje; e si moun nan lokalite a te deside rele “Lapolis”, ta sanble se menm kò bandi an ki tap parèt sou yo ankò. Pa genyen oken dout nan sa a. Tankou anpil chèf gang toujou montre akwentans yo avèk otorite kap dirije yo. Se gouvènman an ki gang lan menm!

Comments are closed.