Yon mès aksyon degras chante nan pawas Sentann ak Jwachen nan okazyon Fèt Sentann nan komin Ansafolè

966

07-26-2023

Ansafolè, Ayiti__(TRiboLAND) Yon mès aksyon degras chante nan pawas Sentann ak Jwachen nan komin Ansafolè, jodi mèkredi 26 jiyè 2023 a. Nan yon anbyans tradisyonèl, yon seremoni te dewoule an prezans otorite sivil, lameri (madam Guylaine Jn Pierre), lajistis (jij Andale Jn Baptiste), politik, militè ak 25 relijyèz ki te soti nan diferan kwen atravè peyi Dayiti.

Peleren sòti tout kote nan peyi Dayiti ak peyi lòtbò dlo, pou vinn priye nan pye Sentann ak Jwachen sen patwon yo. Nap raple w fèt sa genyen 2 sans nan kominote a: pou kretyen katolik yo, yo venere Sentann ak Jwachen nan legliz la; pou kèk lòt gwoup, yo plis konvèje bò kote Ti Sentàn, kote ki gen tout kalite seremoni vodou ak gwo demanbwe pou rele lèsen. Yo egalman inisye, aktivite vèye lanwit chak 25 ak 26 chak mwa pou vodouyizan yo soti nan tout peyi a. Nan okazyon an, gwo sakrifis touye bèt sou fòm ofwann ki tradwi rekonesans devan Ti Sentànn

Reveran pè Guylaire Blaize, ki se kire pawas Jeremi nan depatman Grandans, nan omeli sikonstans lan, mande fidèl katolik yo pou yo konvèti, paske selebre lavi yon sen, selebre yon fèt patwonal se kòmsi nou tap fete anivèsè nesans nou. Savledi, se pa sèlman kontante aspè sosyal yo, aspè festival yo, byen manje, byen bwè men se wè kisa ki reyalize anplis pou ane a, ki kote nou te ye? Eske nou avanse?

Pou peleren yo menm, se nan tout ti kwen komin nan ou jwenn yo fè ti pil gwo pil, moute tant, gwo kandjanwon seremoni chandèl galbanno ak gonbo pou prezante rekèt ak remèsiman bay lwa Ginnen yo.

Pèp Ansafolwaz la remèsi Bondye paske jis jounen jodia, yo pokò anrejistre oken ka kidnapping, ni lòt move aksyon ki te kapab antrave Fèt Sentann nan.

Comments are closed.