Operasyon deniche bandi, asasen, voĺè tout kalite nan Jeremi: Cadet Inosant, alyas Bab, benefisye fòmil Bwa Kale a

949

11- 22- 2023

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Nan kad operasyon, deniche bandi, asasen tout plim tout plimaj, operasyon lapolis ak kèk manm nan popilasyon, pweskri Cadet Inosant, alyas Bab, fòmil Bwa Kale a, nan katye Sentelèn nan vil Jeremi.

Cadet Inosant, yon residivis ki apenn soti nan prizon, pou volè moto, jounen mèkredi 22 novanm 2023 a benefisye fòmil Bwa Kale a, nan katye Sentelèn.

Nap fè remake, manm popilasyon an, nan tèt kole ak ajan lòd yo, ap chache aktivman Ti Mouche, yo idantifye kom manm rezo sila, ki bay tèt yo misyon volè moto al vann nan Okay, depatman Sid peyi Dayiti.

Comments are closed.