Operasyon “Bwa Kale” nan komin Lèziwa, yon manm gang Izo 5 Segonn bwè dlo bouch li.

890

07-02-2023

Lèziwa, Ayiti____( TRiboLAND) Edyson, alyas Marasa, manm aktif gang Izo 5 Segonn, ki te vinn wè fanmiy li nan komin Lèziwa, benefisye mouvman “Bwa Kale”.

Aplikasyon fòmil lan, antre nan kad travay polis kominotè a ki fè yon sèl ak popilasyon an pou kwape bandi ki panse yo ka vinn simen latwoublay nan komin Lèziwa, depatman Grandans peyi a.

Nan ti bat bouch prezime kriminel lan ,te genyen ak manm popilasyon an ak lapolis, Edyson konfime ke li te fè pati gang Izo 5 Segonn; me ki kalib zam ke yo itilize nan gang sila.

Comments are closed.