Etazini finalman espere voye retounen lakay yon seri diplomat ayisyen selon pwensip rotasyon diplomatik la

380
0
Share:
TRiboLAND

11/30/2025

Plizyè diplomat ayisyen riske konsidere kòm pèsonaj non-grata nan peyi Etazini nan jou yo avan lontan. Sa genyen yon bon bout tan depi peyi Etazini ap plenyen kont yon seri pwatik diplomatik ke peyi dayiti ta sanble pa respekte.

Konsa, deriv yo pa sispan chita sou kantite diplomat tèt san kò kap anvayi peyi Etazini; kòmanse sou yon latriye senatè, minis, depite ki itilize enfliyans yo pou fè nome yon seri manm fanmiy yo, zanmi ak boubout yo nan yon seri pòs diplomatik ki mande gwo kalifikasyon. San mansyone eskandal kontrebann ak rakèt paspò ki enplike yon latriye diplomat kanni ki depase plis pase dis lane, pa sispann ranplase swivan pwensip rotasyon diplomatik yo egzije.

Malerezman, Leta Ayisyen, ki toujou ap manipile avèk yon seri minis Afè Etranje ki nan vann pòs diplomatik, pa janm konsidere fè swivi ak yon seri rekòmandasyon otorite ameriken yo, kite yon latriye deriv, mès, vis ak kòripsyon ap pran jarèt, jiskaske peyi blan meriken pa kapab ankò.

Yo repwoche swa dizan raketè ayisyen yo, deske yo kenbe yon seri diplomat ki afekte nan peyi Etazini pou plis pase yon deseni. E anpil nan nominasyon pòs sila yo genyen anpil sispisyon rakèt, moun pa ak akwentans politik. Konsa, peyi Etazini deside fè yon twalèt diplomatik, lè li menase mete lòd nan dezòd yon latriye diplomat tèt chat ki anvayi lakay li; genyen nan yo ki ta menm renonse ak estati diplomatik yo e menm konsidere nasyonalite amerikèn pandan ke yo kontinye ap reprezante peyi Dayiti.

Nap raple, nominasyon pou yon pòs diplomatik bay anpil randman; anpil fwa, se yon lòt sous kòripsyon politichyen ou senatè ak depite krizokal itilize pou lage peyi Dayiti nan plis depotwà nan nivo entènasyonal. Anpil nan ansyen senatè ak depite ou politichyen pòpòt bannan ayisyen, ki redwi peyi a nan sa li ye la, ta genyen manm fanmiy ou ti boubout yo ki pa menm reve kalifye ou konpetan, ap krate santi nan yon seri bwat diplomatik ayisyen nan peyi lòt bò dlo.

Finalman, Wachennton rele anmwey fas ak yon parèy fòm kòripsyon. Li estime twòp diplomat ak manm fanmiy diplomat anvayi lakay li, e yo rete san rotasyon yon fason pou yo kapab benefisye rezidans ou nasyonalite amerikèn.

Sa fè plis pase 2 lane depi ke Etazini ap voye miz angad bay responsab diplomatik yo nan peyi Dayiti!

Share:

Leave a reply