Komite volontè nan lokalite Bòd, 8èm seksyon atire atansyon otorite yo, konsènan konstriksyon anachik, tou prè kaptaj sous dlo ki alimante vil Jeremi an.

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Manm komite volontè Sent Famiy nan Bòd, atire atansyon otorite etatik yo sou gro menas anviwonmantal, konsènan konstriksyon anachik kap fèt lajounen kou lannwit, tou prè kaptaj dlo DINEPA a ki trouve li nan 8èm seksyon kominal Jeremi, Bòd.
Daprè manm komite volontè Sent Famiy lan; si tout fwa otorite yo kite sitwayen yo ap miltipliye konstriksyon anachik, fouye twalèt nan perimèt sous la, sa kapab bay abòne DINEPA yo enfeksyon ak anpil lòt maladi.
Nan kad rankont ak otorite yo nan Jeremi, manm komite SFB la, pwomèt pou ranfose demach yo davantaj nan objektif pou fòse la meri ak ministè Anviwonman, fè delimitasion jis pou anpeche endividi malentansyone kontamine inik sous dlo sila ki alimante plis pase twa san mil moun nan vil Jeremi.






