6 Sekrè ki kapab ede w rete jènn

0 669

(TRiboLAND) Anpil moun nan monn sa ap chèche tout sa ke yo kapab pou konbat vyeyisman. Yo envèsti nan tout kalite fachonn ou pwodwi kosmetik pou kache tout ti tras ki anpeche moun wè yo jènn. Malgre tout manèv ak trik sa yo, Ti Mari pa moute, Ti Mari pa desann!

Kontrèman ak yon seri lòt moun ki itilize yon seri teknik tradisyonèl ki pi senp e ki pa koute tèt nèg; laj yo, enèji yo, fwechè aparans ou se tout yon trezò ki kapab rajeni mwatye nan laj ou.


Annette Larkins, 75 lane ap viv nan Miami
Sekrè: rejim krudite e vejetab òganik

Malgre ke vyeyisma se yon bagay ki inevitab, me sa ou dwe fè si ou vle rajeni tèt ou e menm twonpe moun ak laj ou:

Pran abitid pou bay figi w masaj

Wap sezi wè ki kantite lajan moun envèsti nan pran terapi masaj chak ane. Sepandan, masaj pou figi yo klase kòm dènye bagay nan lis sèvis ijyènn yo. Alòske, masaj fasyàl ke ou pran oubyen ou bay tèt ou chak jou ede w konbat tout liyn avèk rid (anpil moun degoute) ki sou po kò w. Masaj fasyàl bon egalman nan sa ki gen pou wè avèk yon po kò ki bwiye. Li fasilite ogmantasyon sikilasyon san sou vizaj ou. Pran abitid bay figi w masaj plizyè fwa chak semènn sitou lè wap itilize pwodwi fasyàl ou e wap wè yon gwo diferans.

Itilize oubyen bwè “te vè” (dite)

chak jou se youn nan bwason mondyàl ke tout nasyon itilize. Malerezman nan kèk kilti tankou nan peyi Dayiti, anpil moun gen tandans bwè “te” sèlman nan ka maladi. Akote byenfè inesplikab “te” nan konbat kansè, li chaje tou ak anti-oksidan ki ede po kò a rajeni e li chaje ak pwopwiyete ki redwi anpil domaj ke solèy la kapab koze. Se pa san rezon kilti tankou kilti japonè a, yo bwè “te” chak jou e fanm yo itilize l tou kòm yon solusyon fasyàl pou netwaye avèk koton vizaj yo.

Fwi lanmè

Anpil kilti bay fwi lanmè pwemye plas nan rejim alimantè yo. Yo konsonme alg, lanmouch lanmè, pwason ou aransò ak lwil fwad moru ki ede konbat pwosès vyeyès la anpil. Pwodwi sa yo rich an vitamin tankou: mineral, omega3 asid gra ki rele EPA asid. Lwil fwàd moru se yon mèyè sous anti-anflamatwa; alòske aransò ede ralanti pwosès vyeyisman lè li elimine oksijènn aktif ki kapab akcelere vyeyès.

Itilize resèt natirèl tankou dlo diri

Anpil moun ki gen bèl po, pa janm danse kole ak pwodwi kosmetik ki gen pwodwi chimik. Yo pwefere adopte yon seri resèt òganik ki kapab konplètman pwòpte aparans epidemik yo. Tankou sa ye nan kèk lòt kilti, yo itilize dlo diri egalman kòm yon lòt solusyon ki ranfòse figi avèk kò yo ak anpil kolajènn (pwodwi elastik) ki anpeche pli ak rid parèt tèt yo. Se yon veritab sekrè ki konbat vyeyisman nan kilti asyatik la! Kontrèman nan kilti lakay la, itilizasyon dlo diri se solusyon nou sekwe nan bouch nou pou bay moun madichon!

Glas

Gen anpil asunpsyon ke glas jeneralman bon pou rafwedi yon bwason oubyen pwezève manje. Wap gentan konnen! Lè se kesyon bote, glas gen anpil benefis ladan l. E menm gen moun ki konsidere l kòm mèyè sekrè bote yo. Anpil rechèch demontre ke ilizasyon glas gen anpil benefis:

  1. Li bon pou anflamasyon. Si ou genyen ti bouton nan figi ak zye ki parèt pòfpòf akoz ou manke dòmi, bay figi w yon bon masaj avèk glas. Glas gen kapasite pou dezanfle ti bouton ki nan vizaj ou e pèmèt yo disparèt trè rapid.
  2. Se youn nan mèyè altènatif pou anpil pwodwi ki pwomèt anpil mèvèy e ki pa janm rive vrèman delivwe. Glas ede sikilasyon san e li ede po kò a absòbe pi byen yon seri pwodwi.
  3. Glas se yon pwotektè natirèl pou po kò ou. Anpil po kò moun renmen sansasyon fwèt ke glas la degaje a. Konsa, li ede fèmen ti trou mikwoskopik ki nan po kò a ki fasilite makeup ou rete pou pi lontan. Glas soulaje egalman mak wouj sou po kò a ou iritasyon epidemik. Trè souvan bagay ki gen pou wè avèk blesu razwa ou iritasyon chalè solèy la.

Pwatike bonjan abitid

Swen epidemik pa sèlman chita sou sa yon moun ap aplike oubyen manje. Li gen pou wè tou ak eta dàm yon moun. Yon fi kap bwè alkowòl e fimen kapab rann po kò li abime e ogmante vyeyisman nan yon nivo pwematire. Lòt bonjan abitid, se byen dòmi e sitou pa manje vant deboutonnen, konsome vejetab òganik. Konsa, wap sezi wè ki dimansyon wap pran nan rajeni mwatye nan laj ou!

Leave A Reply