Selon majistra kominal Abwiko a, maladi kolera ap fè ravaje atravè 4 seksyon kominal yo nan Grandans

945

11- 22 – 2023

Abwiko, Ayiti- ( TRiboLAND) Selon enfomasyon majistra komin Abwiko a konfye sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, epidemi kolera LONI an, deja touye 5 moun nan komin Abwiko, 4èm seksyon Lasereng ak 22 malad ki kouche sou do nan lopital Sen Jozèf nan komin Abwiko.

Daprè sa majistra Jean Ricaldo Louis fè remake, genyen gwo pwoblèm lojistik ou materyèl tankou materyèl tankou kabann pou malad yo kouche, san konte absans swenyaj ki se yon veritab kastè chinwa.

Majistra Louis, poze egalman pwoblèm transpò ke komin Abwiko ap fè fas. Li mande ministè sante piblik ak popilasyon, pou mete disponib nan komin Abwiko yon anbilans pou ki desèvi kominote a, sitou pandan peryòd kolera LONI an, ki kontinye ap touye sitwayen ayisyen yo.

Comments are closed.