Yon dife eklate nan prizon sivil Jeremi an.

934

07-13-2023

Jeremi , Ayiti- (TRiboLAND) Li te anviwon 6 zè aswè mèkredi 12 jiyè 2023 a, yon dife tranble janm eklate nan prizon sivil Jeremi an.

Premyè enfòmasyon yo ta fè kwè, dife a orijinè bonbònn ki nan kizinn prizon an. Sèvis ensandi komisarya Jeremi an, kite enfòme atan, te rann yo sou plas ak ponpye yon fason pou te limite dega yo.

Annatandan responsab prizon an, enspektè Hypolit bay yon bilan definitif, kèk blese lejè anrejistre, prizonye yo te trè mouvmante, e genyen anpil ladan yo ki asmatik e ki nan yon sityasyon detrès akoz souf yo trè wo; tandiske dega materyèl yo konsiderab.

Nap raple, kontrèman ak mò ke prizon sivil Jeremi a ap anrejistre prèske chak jou, oken prizonye pa arive mouri nan yon parèy ensidan.

Comments are closed.