Bato komèsyal GREEN BRIDF kite pote siman sou waf Jeremi an nan lanmè Testas la, toujou an detrès.

278
0
Share:
TRiboLAND

02 – 14 – 2026

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Selon temwayaj òm dafè Marck Antoine, bato GREEN BRIDF, kise yon bato komèsyal ôm dafè ou antreprenè Jacques Karoly te bay manm ekipaj bato vinn livre sou wàf Jeremi an, karant mil sak siman. Nan moman an, bato a te tonbe anpann motè; lanmè a ki te vinn ajite, e te mete sou mank ekperyans kapitènn bato a ak mekanisyen an chèf lan, vag lanmè pote bato a nan direksyon Sid Jeremi, kote li te arive echwe nan lanmè Testas, premye seksyon kominal Jeremi.

Selon òm dafè Marck Antoine, anpil manèv ak bwàs te miltipliye pou te chape aparèy la ki te an detrès nan lanmè Testas, se te demach initil, akòz kontenjan siman an ki te apeprè senk san tònn. ki pa reponn ak pwa gro bato komèsyal lan ki avwazinen mil twa san tònn. Konsa, menm relis ak gouvènay bato GREEN BRIDF yo te antere nan sab lanmè Testas la.

Gro kè sote ak enkyetid pa sispann soulve nan mitan popilasyon an. Kidonk, GB se yon batiman komèsyal, li se inik transpòtè maritim ki frekante pò Jeremi a e fasilite siman vann pou preske katòz komin nan depatman Grandans lan. Nan sans sa, kliyantèl lan fè konnen eske sak siman an kap vann mil sis san venn senk goud pap sibi yon ogmantasyon nan jou kap vini yo, si tout fwa bato GREEN BRIDF ki nan malmakak pata dekole.

Share:

Leave a reply