Barbara Walters, yon jounalis ikonik mouri a 93 lane

1,131

TRiboLAND___Barbara Walters, youn nan jounalis fanm novatris nan televizyon ki dote yon sètèn konpetans pou Mennen enterview e ki fè li youn pami pèsonalite ke moun apresye nan radiodifuzyon, mouri, daprè yon pòtpawòl li konfime.

Barbara ki te genyen 93 rekòt, mouri dosilman lakay li, nan pye fanmiy li. Li viv lavi li san regrè. “Li te yon chanpyon non sèlman pou fanm jounalis yo, men pou tout fanm”, daprè sa Cindi Berger ki se pòtpawòl li deklare bay CNN.

Fanm jounalis la kòmanse karyè li nan nivo nasyonal nan lane 1961 kòm jounalis otè ak manm panel emisyon “Today” nan NBC avan ke li te nan pozisyon ko-assistant nan lane 1974. Nan lane 1976, Walters ta pral retrouve’l nan ABC News kòm premyè prezantatris emisyon nouvèl leswà.

Se sou menm rezo sa, Barbara Walters ta pral lanse “ “The Barbara Walters Specials” e “10 Most Fascinating People” avan li te vinn devni yon co-animatris ak korespondan pou ABC News “20/20” nan lane 1984. Se konsa, Walters ta pral enterviewe chak prezidan ak premyè dam Etazini yo, kòmanse sou Richard ak Pat Nixon.

Pandan plis pase senk deseni, Walters se te yon non ki te non ki trè koni; kit se te pou pale ak chèf deta nan nivo mondyàl nan kad emisyon nan nouvèl, lakay selebrite ou superstars, Walters tap byen pase; san mansyone yon lòt show televizyon ke li te genyen ki te rele “The View”, ki te plis chita sou deba nan mitan yon group fanm tout kalite ki tap kòmante sou aktiyalite yo. Se yon show ki vinn bay lòt fanm atravè rès monn lan , kreye yon pakèt lòt show tankou “The Talk” e “The Chew”, “Loose Women” nan peyi Gran Bretann ak “Studio5” nan peyi Nòvèj.

Barbara Walters imòtalize non li avèk èv li yo. Li te egzekite anpil enterview pètinan avèk anpil lidè atravè planèt la. Li te resevwa plizyè pri ak prim onorifik; li te yon vedèt Hollywood Walk of Fame.

Comments are closed.