Òganizasyon AFVO Wanament nan tèt kole ak Corecaph klotire 3 jounen fòmasyon sou transfòmasyon dechè plastik

841

09-03-2023

Wanament, Ayiti ___(TRiboLAND) Asosyasyon fanm vizyonè Wananment (AFVO), klotire 3 jounen fòmasyon sou transfòmasyon dechè plastik pou plizyè jèn fanm ak gason soti yè vandredi pwemye septanm nan, pou rive jounen dimanch 3 septanm 2023 a.

Selon plizyè manm Corecaph, se ak kè kontan yo te pataje konesans yo ak AFVO e CORECAPH. Yo fè konnen Fòmasyon sila rantre kad sipò yap bay jèn fanm ak jèn gason nan peyi a; pou pèmèt jèn yo genyen yon zouti ki kapab pèmèt yo fè lajan. Bale, vè, rido, valiz, bous, panye se kèk pami pwodwi aprenan yo te gen chans aprann.

Kèk patisipan pa manke remèsye Madam Lovelie Pierre ak asosyasyon fanm vizyonè Wananment yo, ki pèmèt jounen jodia, yo gen chans aprann fè bale ak divès lòt pwodwi avèk galon plastik.

Nap fè remake se avèk dechè plastik ki atè nan lari a tankou, po dlo, fritòp, ak divès lòt pwodwi, fòmatè yo itilize pou kapab fasilite transfòmasyon yon seri objè tankou: bale, valiz, gode, ak bous.

Comments are closed.