Fondasyon TRiboLAND reyisi 2 Jounen Fòmasyon gratis sou Serigrafi nan “L’église de Dieu Christ Vivant” nan lokalite Lavo

Lavo, Ayiti ______(TRiboLAND) Sou inisyativ Fondasyon TRiboLAND, 2 jounen fòmasyon entansif e gratis sou serigrafi reyalize ak anpil siksè nan lokal “L’église de Dieu Christ Vivant” ki chita nan kominote Lavo 2 ak 3 jiyè 2025 lan. Aktivite sila reyalize ak objektif pou founi jèn yo ak granmoun yo bon jan zouti pratik ki kapab ede yo mete sou pye pwòp aktivite ekonomik pa yo.
Fòmasyon sa ki te fèt pandan 2 jou, te rasanble plis pase 80 patisipan ki soti nan diferan katye ak seksyon vwazinay yo. Se te fòmatè Pierre Samuel, yon teknisyen ki gen anpil eksperyans nan domèn serigrafi, ki te anime sesyon yo avèk konesans djanm, pasyans, ak pedagojik.
Tout patisipan yo te eksprime satisfaksyon yo pa sèlman pou konesans yo te resevwa, men tou pou bon jan ankadreman moral, lojistik ak espirityèl yo te jwenn sou plas. Yo te mete aksan espesyal sou Papa Loulou, li menm ki pran baton peleren li, atravè TRiboLAND pou ede group moun gen yon pwofesyon nan batay ak lavi.
Fondasyon TRiboLAND, atravè inisyativ sa a, montre klèman angajman li pou devlopman kominote riral yo gras ak mwayen fòmasyon ki dekoule apati edikasyon, ak transfè konpetans. Konsa, pa genyen pi bon mwayen ke sa pou jèn yo aprann peche olye yo ba yo pwason. Antouka, patisipan yo te benefisye yon latriye teknik tankou transfè, siblimasyon e dekoupaj. Yon te arive pwodwi pwòp mayo yo, ki bayo anpil fyète angouman.






