Troubleboy Himaker fè “Lycée des Jeunes Filles ” nan Okap yon don yon milyon goud

1,102

01-17-2023

Kap Ayisyen, Ayiti ___(TRiboLAND) Atis Troubleboy remèt responsab “Lycée des Jeunes Fiiles” vil Okap, yon chèk yon (1) milyon goud jodi lendi 16 janvye 2023.

Atis la ki te fè pwomès la ak responsab yo akoz enstitisyon skolè sila kap fè ak divès pwoblèm; li fè sa jan li te anonse li an. Lajan te kolekte nan pwogram atis te òganize nan depatman Nò peyia menm.

“Nou pap chanje seri a, nou prefere diplike kle a pou ouvè plis pòt pou timoun lekòl. Nou kontan pataje ak moun ki chè pou nou”, se sa atis la te deklare nan moman li tap remèt chèk la.

Responsa lise a, ak elèv yo te kontan pou yon parèy gwo jès; yon sipò ki pral pèmèt yo reyalize plizyè travay nan lise a.

Comments are closed.