Sitiyasyon tansyon nan Kodevi: 2 moun ta mouri nan katchouboumbe ant PoliFront ak anplwayè

718

06-15-2023

Wanament, Ayiti _____(TRiboLAND) Altèkasyon ant fòs sekirite Kodevi ak anplwayè yo ta okazyone ranvwa travayè ki ta genyen 2 moun ki ta mouri pami yo, jodi jedi 15 jen 2023 nan zòn fontalyè a.

Aprè yon ensidan ki pase maten jedi 15 jen 2023 a, kote yon anplwayè kap travay nan MD 1 tap rantre avèk yon pantalon chire e ki te jwen entèdiksyon bò kote yon ajan sekirite Kodevi. Kèk èdtan aprè, menm sekirite sila ta pase anplwayè a kèk pataswèl; yon zak ki ta pral monte kòlè kolèg travayè li yo.

Nan lè 12h30 pm, konsa yon gwoup anplwaye ta riposte pou bay sekirite a yon repons tranble janm; sa ta pral dejenere aprè entèvansyon BI ak Polifwont ki tire anpil kout zam nan moman te genyen gro deblozaj nan mitan travayè yo ki te ankòlè. Bilan yon parèy ensidan lakoz 2 anplwayè tonbe anba bal fòs lòd yo.

Alòske lòt bò lizyè, polisye dominiken yo te deja pran pozisyon yo pou si zoka. Otorite nan Pak Endistriyèl Kodevi a, te oblije ranvwaye tou anplwayè akoz yon parèy leve kanpe.

Comments are closed.