Anviwon 14 jèn gradye nan kominikasyon jounalis nan ICO-Tech Wanament

899

09-04-2023

Wanament, Ayiti ___(TRiboLAND) Institut communication de Ouanaminthe et Technique professionnel (ICO-TECH ) Wanament pwosede ak seremoni gradyasyon pou anviwon 14 etidyant e etidyan nan kominikasyon jounalis jounen dimanch 3 septanm 2023 a.

Seremoni an dewoule nan prezans plizyè asosyasyon jounalis nan Wanament tankou, pèsonalite piblik ak reprezantan Radyo Kominotè Karis la, Mèt Donatien Cétoute.

Pou direktè enstitisyon an, Sikològ Jhonn Fulton Bèlton, jodia make egzistans lekòl la, li remèsye tout moun ki fè deplasman pou vin asiste seremoni gradyasyon pwomosyon “Marc-buger”. Pou Bèlton, se yon moman pou etidyan l yo konfwonte mache travay la.

Parenn nan, Mesye Merbel Charles, fè fiyèl li yo konnen : yo pa la sèlman pou travay kòm jounalis, men yo la pou sèvi kòm responsab kominikasyon nan kenpòt biwo. Li raple gradye yo, moun pa aprann pou renmen, men’w aprann pou w travay.

Asosyasyon jounalis solidè wanament ankouje jèn fanm ak jèn gason ki nan komin an, pou entegre metye jounalis la.

Comments are closed.