Ajan dwanye yo nan Kap-Ayisyen bloke yon pèl ekskavatris pastè Grégory Toussaint voye pou konstriksyon Kanal Wanament lan

1,035

02 – 25 – 2024

Wanament, Ayiti__(TRiboLAND) Ajan Dwanye yo nan 2è vil peyi a, bloke yon pèl ekskavatris pastè Grégory Toussaint voye pou ede teknisyen yo fini rès travay kanal Wanament lan.

Dapwè enfòmasyon pòt pawòl komite kanal la, Wideline Pierre, pataje ak popilasyon an fè konnen, Leta ayisyen bloke pèl ekskavatris la kote ajan dwanye Kap-Ayisyen yo mande yon ti makout lajan pou dedwane pèl la.

Pèl ekskavatris sa rive nan peyi Dayiti, se aprè pwomès pastè Grégory Toussaint te fè pèp la nan moman li t al bay vizit li sou kanal la. Pou mete fen ak travay yo sou kanal la, pòt pawòl la mande ak popilasyon an mobilize pou al chèche pèl ekskavatris la nan men fòs anti-chanjman yo ki antegre Dwàn Kap-ayisyen an.

Comments are closed.