Edikasyon: Anpil moun nan Grandans pa wè klè nan ouvèti lekòl la.

765

09-03-2023

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Makenzy Charles, se yon jenn gason 23 lane, ki orijinè yon fanmiy ki genyen 6 pitit, men papa yo mouri depi 5 lane.

Makenzy Charles, eskplike nan mikro TRiboLAND, sè ke manman l, se te  yon machann chabon, ki te toujou achete sak chabon pou revann an detay.

Pou jenn gason sila, vrè pwoblèm lan, se pa yon keksyon 11 septanm ni 2 oktòb, pou aktivite lekòl la repwann, depweferans; se pou gouvenman Ariel Henry an, rezoud pwoblèm ensekirite jeneralize a, epi kreye djòb ak anplwa, pou malerez ak malere yo nan Grandans.

Comments are closed.