Responsab Kodevi yo òganize yon rankont avèk majistra Dajabon e Wanament

1,178

03-15-2023

Wanament, Ayiti ____(TRiboLAND) Yon gwo rankont binasyonal reyalize nan VILLAS CODEVI madi 15 Mas 2023 ant 2 majistra yo, nan lide pou kapab diskite epi jwenn solisyon a ansanm pwoblèm ki egziste sou fwontyè a.

“Nou reyini la jodi a pou n kapab chèche solisyon ak pwoblèm nou yo nan lide pou n rive viv nan lapè epi fè plis pwogrè sou fwontyè a”, daprè jera egzekitif GrupoM la, Raphael Dominguez.

Charles Jorge Vargas, yon teknisyen ki genyen 20 lane depi l ap travay kòm kad nan Meri Dajabon te pwofite mete aksan sou KODEVI ak Mache Binasyonal la li di ki fè gwo enpak sosyal ak ekonomik ni Wanament ni sou Dajabon. Li presize pou l di, genyen anpil enfrastrikti ki kreye sou 2 bò fwontyè a tankou Wout, Bank, gwo bilding, touris, Otèl, e latriye.

Li kontinye pou l di « menm si nou poko genyen yon estrikti pou n reflechi ansanm, mwen santi m kontan pou m la avèk nou jodi a. Map pwofite pou m di majistra yo, yon asosyasyon bilateral ant majistra Dajabon ak Wanament kapab pote bon jan devlòman sou fwontyè a».

Nan entèvansyon li nan rankont lan, Majistra Wanament la, LUMA Démétrius te prezante CODEVI nan yon dimansyon ki te deja kòmanse fè anpil kòmantè nan mitan popilasyon an depi aprè chanjman LOGO CODEVI a avèk fason li te adrese l a popilasyon an aprè l te fin sibi gwo domaj.

Jn Simon Manex jnsimonmanex8@gmail.com

Comments are closed.