Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, felisite jèn lereyat Bak Inik 2023 Nòdwès la.

886

Haïssa Valendine Pierre, se non yon orijinè Nòdwès 16 rekòt, ki loreyat nan egzamen Bak Inik 2023 yo, pou seri “Syans Ekonomik e Sosyal”.

09-10-2023

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) Malgre rezilta egzamen Bak Inik yo parèt trè katastwofik pou ane akademik 2022-2023 a, swa yon pousantaj anviwon 45 %, sa pa anpeche depatman Nòdwès la, ranpòte gwo lo a, kòm depatman ki bay Loreya pou ane a.

Nan sans sa a, Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Nesmy Manigat, desann chapo li byen ba, devan Haïssa Valendine Pierre, yon jèn Nòdwèzyèn 16 rekòt, ki sòti nan Kolèj Yahve Schamma, pou tèt li ta Loreyat Bak Inik, seri “Syans Ekonomik e Sosyal”.

Haïssa Valendine Pierre, dapwè rezilta disponib yo reyalize 1615/1900 pwen. Pou Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Nesmy Manigat, tankou tout bachelye Loreyat la pral resevwa rezilta li, relve nòt li ak tout diplòm li tou legalize, nan #email li apati sit ministè a.

Comments are closed.