Anseyan yo nan komin Senlwidinò òganize yon seminè de fòmasyon gratwit pou elèv 9èm ane yo ak elèv NS4 yo.

1,189

11-08-2022

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Yon seminè fòmasyon ap dewoule jounen jodia nan komin Senlwidinò pou elèv 9èm fondamantal yo, daprè EFACAP Ayiti.

Se apeprè 11 pwofesè leta kap òganize yon parèy seminè nan Lise Serge Petit Frère a, soti lendi 07 pou rive jedi 10 novanm 2022 a, pou elèv NS4. E pou elèv 9èm ane fondamantal yo, soti jedi 10 pou rive vandredi 11 novanm 2022 a. Seminè sa vize ranfòse nivo konpetans elèv yo ki gen pou al sibi eprèv bakaloreya yo.

Daprè pwofesè yo, yap bay elèv ki pral patisipe nan egzamen ofisyèl yo yon maksimòm pou yo kapab fè fas ak eprèv bakaloreya a. Yon seminè ki gen kòm tèm ” L’ éducation est un passeport pour l’avenir, car demain appartient à ceux qui s’y sont préparés aujourd’hui “.

Bò kote pa elèv yo 9èm ak NS4 yo, se yon satisfaksyon bab e moustach pou yo, paske yo santi yo kòmanse jwenn lesansyèl nan seminè a pou yo monte nivo konpetans yo, yon manyè pou al travay pou prepare egzsmen ofisyèl yo pou ane 2022 ak 2023 a.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.