Yon sitwayen revolisyonè akize ansyen senatè Nènèl Cassy kòm deregle ki enplante yon kò gang nan komin Gran Gwav, sou fòm pati politik

824

08-28-2023

Tigwav, Ayiti_______(TRiboLAND) Revlisyonè Wilner Edmond, nan entèvyou ak laprès lendi 28 dawou 2023 a, nan pakè jiridiksyon Tigwav la, nan lide pou denonse epi pote plent kont ansyen senatè Nènèl Cassy ak tout akolit li yo, li di ki enplante yon gwoup gang sou fòm yon pati politik nan site Phito Gracia a. Yon estrikti ki antre nan kad pou teworize popilasyon an, daprè sa Wilbert fè konnen.

Pwotestatè a, ki esplike ke komisè Jean Ernest Muscadin demantle yon rezo gang ansyen senatè Cassy tap dirije nan lokalite Chalon komin Miragwan depatman Nip peyi a.

Revolisyonè nasyonal la, Wilbert Edmond deklare aprè komisè Muscadin fin kraze group gang lan, pou kounye a, ansyen senatè al enplante li nan Komin Gran Gwav sou pretèks li pral fè politik nan komin Gran Gwav pou chanje kominote a.

Nan sans sa a, revlisyonè Wilbert Edmond lanse apèl bay tout moun kap viv nan depatman Grandans, Gransid, nan Nip peyi a ak nan Lwès, yon fason pou fè echèk ak gwoup gang sila a ansyen senatè Nènèl Cassy ak tout akolit li yo ki deja enstale nan Komin Gran Gwav, pandan l li presize se menm nèg sa yo ki ame jèn andedan peyi a.

Comments are closed.