Premye minis Alix Didier Fils Aime resevwa ekriven Dany Laferriere nan Pòtopwens.

07 – 17 – 2026
Pòtopwens, Ayiti ____ (TRiboLAND) Premye minis Alix Didier Fils Aime resevwa jounen jedi 16 jiyè 2026 lan, ekriven Dany Laferrière ak 2 manm akademi fransèz la nan Pòtopwens.
Nan kad yon rankont ki dewoule sou dosye lakilti, ledikasyon ak devlopman entèlektyèl nan peyi Dayiti.
Dany Laferrière te pale ak reprezantan Inivèsite leta Dayiti (UEH), yo pale sou pòte Inivèsite a, aktè kiltirèl yo, dyaspora yo nan transmisyon ak rekonstwiksyon peyi a.
Chèf gouvènman Alix Didier Fils Aimé, sou bò pali, salye pakou ekriven Dany Laferrière, ki se yon fyète pou nasyon ayisyènn lan. Li egalman renouvle vonlonte administrasyon li a nan kad ranfòsman lyen ki dwe sere kole ant mond inivèsitè a ak milye kiltirèl la.






